Etant Dupain
(English isi)Refize monte mòn kabrit vire agòch epi kouri 10 minit si ou gen bon machin, mache 50 minit sip ye ou bon. Vire monte nan dezyèm wout sou la men dwat. Epi ou deja nan koray.
Pa gen limyè, wout la pa fèt, se pousyè ak vye zèb madichon ki leve nan zòn sa a.
Se la Gouvènman an nasyonzini ak Anbasad ameriken plis tout akolit ONG li yo deside konstwi yon vilaj imilyasyon pou mete victim kip èdi kay yo pandan tranbleman de tè a.
Premye bagay ki pi enpòtan se moun ki soti nan petyon vil klèb yo: daprè anbasad ameriken moun kit e rete nan kan sa yo an danje, paske gen danje nan zòn sa, menmsi pat janm gen okenn ka konsa ki te repete avan prezans victim yo.
Nan zòn sa a pa gen yon pye BWA, depi 4 nan laprè midi se bay marengren zòn li. Ozanviwon gwo kan sa a ki resevwa deplase nan plis pase 5 kan nan petyon vil ak delma se gwo mòn debwaze victim yo jwenn kòm tablo pou gade lajounen. Ou pa bezwen poze kesyon kijan plenn kote ti tant yo ye lè lapli tonbe.
Imajine ou menm nan yon plenn ki pa gen pye bwa, ki fèt an tè, epi se mòn debwaze ki antoure li epi lapli fè plis pase 5è ap tonbe?
Dezyèm kote ou ka jwenn repons sa se mande anbasad ameriken ki pwomet depi 1986, 7 milyon PYE BWA pou ede konbat ewozyon nan ayiti kote yo e poukisa toujou gen danje pi ba kay anbasadè a ki se vwazen petyon vil klèb vrè rezon ki fè moun yo oblije deplase a.
Nan yon zòn san pye bwa, san dlo, melanje ak pousyè ki gen yon solèy kap kankannen deplase yo( viktim) yon van declare moun yo lagè pou dechire tit ant yo bay o ki pat menm ka rete pou de mwa si pat gen van.
Koze mande chèz, si gen van ki ap dekole tant, solèy mande anraje epi pa ge pye bwa pou moun pare lonbraj menmsi pousyè a ta fè yon ti poze: se pa konsa sa ye, sa se pou moun twalèt pa kenbe ak ki pa swaf dlo ki ka wè pwoblèm sa yo.
Men kòm se nan yon veritab raje yo Mennen vitim pou pa gen pwoblèm gen mwens je sou pwoblèm sa yo.
Yon bon pati nan près lokal tankou radyo metropòl ki fè elòj kan sa a, ki se yon bon egzanp pou deplase plis pase 1 milyon 300 mil moun ki pa gen okenn kote pa yo pou rete, mwen pa konnen si se paske desalin te deja bay tout tè yo ki f`è moun sa yo toujou nan lari e san espwa.
Joseph Mucioleme, gen 55 lane li pèdi kay li 12 janvye a, li kite gonayiv depi 1983 aprè pèdi tout kochon li gouvènman ameriken ak gouvènman diktati Jan Klod la te touye sou preteks pès posin afrikèn.
Joseph pran refij nan petyon vil klèb ak de pitit li, jodi a li se youn nan viktim ki ap viv nan IZOLMAN KORAY la.
Nan tant Joseph gen diri ak lwil, li resevwa depi de jou, men pa gen okenn mwayen pou kwit manje paske pa gen recho ak okenn lòt engredyan pou fè manje.
Grangou nan yon dezè se menm ak monte yon mòn pa do daprè Joseph.
Sa ki pi grav nan ka Joseph la, tout fanmi lip òtoprens e se anba lavil la lit e konn degajel leve chay pou sove manje l ak pitit li yo, kounye a li la pou lavi jiskake yo deside menene li tounen menjan yo te depòte l nan dezè sa a.
SE 110 GOUD MACHIN K’AP MENNEN OU ALE AK TOUNEN, e se sèlman si Joseph te gen radyo li te ka tande kijan se ONG ki resevwa kòb ki vini nan non li an, pandan li oblije pase rès vi li la si se pou jwen lajan pou retounen li menm.
Sa yo pa sipriz, deja gouvènman ak nasyonzini ak klas tilolit (boujwa) ayisyen an de gentan fè yon dokreyiyès pou di 70% nan tout sa peyi a pèdi yo pou boujwa yo te ye, sa vle di se konsa yo pral redistribiye nouvo dèt yo rele fon pou rekonstriksyon an.
Pa kite menm ladapdap boujwa ak akoliti Preval yo (gouvènman) monte pou pèdi lide konbit nou an ki se zantray kòd lonbrit ki anchennen nou youn ak lòt.
Menmsi yo pa entèlijan paske yo ap jwe ak dife lè ou konsidere jan tout viktimyo ap chache yon soti kriz pasifik ak patisifik, nan pran pasyans pou pa mete apse sou klou, menmsi se sa entènasyonal la ak gouvènman ta sanble ap provoke nan pa pran responsablite yo.
Pa kritike ‘m si mwen fini san mwen pa mansyone pa gen lekòl, sant santé, mache piblik ak bon wout, se pa sèlman pa genyen men pa gen okenn siy ki montre pral gen jan de aktivite sa yo. Men nan menm moman w’ ap li la a, gen moun y’ap trenen Mennen nan simityè kin an yon dezè (Koray).
Desalin te di: SI AYITI AP PARADI LI DWE PARADI POU NOU TOUT AYISYEN, KONSA SI LI AP LANFE LI DWE LANFE POU TOUT AYISYEN.
Charlemagne Peralt: vive la guerre juste
Sante 2 aspe: curatif/swen avek prevantif
A. swen: bay chans ak tout moun ki vle medsen, medsen
B. Prevantif: fè kanpay sansibilizasyon sou radyo ak televizyon pou pèmèt moun yo gen enfòmasyon sou tout maladi yo ka pran nan
- Medsenn twadisyonel
Akonpaynman ouvriye yon an:
Koman nou ka rive akonpayne yon an transpò, nan nouriti, elatriye…
Fòmasyon pou travayè nou yo pou nou ka rive retire ignorans kay ouvriye yo
Patisipan: Moise James; Dorcius Fritzner; Mondesir Mirlande; Francois Michelet; Fleurent Dalencourt
SOPUDEP/JEPIHDET/OGS/AJPV/OJD55/OJDH; Octavien Enoc; Charles Jerry; Desgranges Holwitch; Bien-Aime Yvens
Patisipan: Julien Betegrad; James Moise; Isaac Cherestal; Stephen Phelps; Fleurente Dalencourt; Pierre Hebert; Alteus Jean Samuel; Dumond Benyl; Germain Dulana
Men rekòmandasyon nou:
Patisipan: Merina Salianie, FAVILEK; Bazelais Yolande, FAVILEK; St Charles Marie Francoise, FAVILEK; Gloria Isaac, FAVILEK; Wilda Modestin, FAVILEK; Pierre Jean Marie; Cadet Benito; LaViolette Wilson, Allo; Mari Berthine Bonheur; Mario Joseph, BAI; Jhon L. Dieubon; P. Papillon; Mondesir Murlande B., CNOH; Antoine Bernadette, CRCS; Dorcius Fritzner, CNOH; Valeus David, FONDAF; Delva Marie Eramithe, KOFAVIV; Malya V. Appolon, KOFAVIV; Helia Lajeunesse, KOFAVIV; Jeannis Beady, REDDE
Repons:
Patisipan: Antoine Bernadette; Ruth Derelus; Yvette Michaud; Laviolette Wilson; Estiverre Jacqueline; Dol J. Bozier; Alfonse Cadet
Defini kom revandikasyon pèp Ayisyen nan konstitisyon 1987 la.
Kote nou ekzije klèman responsabilite otorite lokal yo epi bay yo mwayen pou yo kapab mete sèvis piblik yo sou plas pou popilasyon an.
Estrataji desantralizasyon:
Rekomandasyon:
Patisipan: Valéus David Christophe; Emmanuel N. Donky; Benoit Peterson; Borgat Suze Nivrose; Moise James; Prevot Daniel; Evel Fanfan
Ijans
Mwayen tèm
Long tèm
dat pou solidarite entènasyonal
Agrikiliti: Fleurente Dalencourt; Cantave Jean-Baptsite; Stephen Phelps; Yvette Michaud
Dwa Moun: Wilson Laviolette; Mondesir Mirlande; Mario Joseph
Sante: Dumas Alcieus; Yvens Bien-Aime; Eddlys Dubois
Edikasyon: Herve Aurelius; Desgranges Holritch; Jean Immacula
Ijans: Emmanuel Donky; Ruth Derilus; Evel Fanfan
Gwoup Travay Sektoryèl – OCHA Clusters
1. Agrikiliti – FAO
2. Ed Manje – PAM
3. Abri Dijans/Ed ki pa manje – Kwa Wouj Entènasyonal & OIM
4. Lojistik – PAM
5. Repons Rapid – PNUD
6. Dlo, Sanitè ak Ijyen – UNICEF
7. Nitrisyon – UNICEF
8. Pwoteksyon – OHCHR & UNHCR
9. Pwoteksyon Ti Moun – UNICEF
10. Vyolans kont Fanm – UNFPA, Fon Popilasyon Nasyon Uni
11. Sante – Òganizasyon Mondyal Sante
12. Edikasyon – UNICEF and Save the Children
13. Telekominkasyon Ijan – PAM
Tèm de Referans
WASH = Dlo, Sanitè ak Ijyen
UNICEF = Fon Edikasyon Ti Moun Nasyon Uni
MREs = Manje tou prepare
USG = Gouvènman Ameriken
SC = Sove Ti Moun Yo
IMC = Kò Medsen Entènasyonal
CRS = Catholic Relief Services
WHO = Òganizasyon Mondyal Sante
UNFPA = Fon Popilasyon Nasyon Uni
FFP = Manje pou Lape
OTI = Biwo pou Insyativ Tranzisyon
DOD = Depatman Defans (Ozetazini)
OCHA = Biwo Òganizasyon pou Zafè Imanitè
Cluster = Gwoup travay Sektoryèl
NFIs = asistans ki pa manje
PDNA = Zouti Evalyasyon Bezwen apre Dezas
IDPs = Sinistre, moun deplase
DSNCRP/PRSP = Dokiman sou Strateji pou Rediksyon Povrete
HDI – GSHDI = Mezi pou Devlopman Imanitè/ ki spesifik pou seks
IFIs = Institisyon Entènasyonal Finansiyè
IDB = Bank EntèAmeriken pou Devlopman (BID)
IMF = Fon Monetè Entènasyonal
WB = Bank Mondyal
MDGs = Bi Devlopmantal pou Miliniyem
NSAs = Aktè ki pa leta
TA = Asistans Teknikal
OFDA = Biwo Ameriken pou Asistans Dezas Etranje
OIM = Òganizasyon pou Imigrasyon ak Migrasyon
Apre gwo tranblemandetè san parèy kite frape peyi d’Ayiti jou kite madi 12 janvye 2010 la, kote plis pase twasanmil (300.000) moun nan tout sektè ak tout laj mouri, kote enfrastrikti leta ak tout enstitisyon yo kraze, kote anpil moun blese, andikape, anpil sèvo disparèt, moun pèdi fanmi, byen, lajan ak travay yo. Lè nap gade absans leta, move fason èd la ap distribye ki rive menm desann diyite nou kòm moun, kote se sèlman etranje ki pa genyen menm enterè avèk nou kap jere èd ijans la, kote anpil Ayisyen pa genyen konfyans nan moun ak fason èd yo ap bay, yon koalisyon te reyini yon gwoup Aysyen ki soti nan tout kouch sosyal, nant tout sèktè òganize peyi a, ki vle entegre yon nan rekonstri peyi yo jou kite 23 ak 24 fevrye 2010 nan Pak istorik “Kanasik” la pou jwen bon jan repons ka bon pou tout moun nan peyi a pou moman sa, nan jou kap vini yo ak tout tan.
Men senk (5) objektif ke nou te genyen nan rankont sa yo:
Pou pèmèt nou jwenn rezilta objektif sa yo, senk gwo atelye te òganize sou senk (5) domèn ki se:
Nou pral pwopoze lide sa yo devan enstans nasyonal ak entènasyonal ki konsène yo tankou: reyinyon gwoup travay tematik nan OCHA ki se ofis Nasyon Zini sou kesyon Imanitè, nan PDNA ki se zouti multilateral evalyasyon bezwen apre yon dezas, nan konferans Bayè kap bay lajan, elatriye…
Nou menm gwoup sa nou kwen toujou nan peyi d’Ayiti malgre move moman sakaje l, se poutèt sa nou vle swete ke tout Aysyen kap viv kwè tout tan genyen lavi nou dwe travay pou lespwa boujonnen. Nou chak dwe poze bon zak pou rabati mantalite nou ak peyi nou.
Nou bese byen ba pou salye memwa tout Ayisiyen ak tout moun lòt nasyon ki peri nan katastròf 12 Janvye a!
Nou kwè ankò nan yon Ayiti pi bon pou tout pitit li!